Onè! Respè! nan Randolph !�Oryantasyon Fanmi Nouvo �Lekòl Piblik Randolph
Nivo Klas
Kalandriye Lekòl
Ane lekòl la kòmanse an septanm epi li fini an jen.
Genyen 3 tèm (Semès) nan lekòl primè yo lè lekòl yo bay kanè.
Lekòl mwayen ak lekòl segondè yo gen kat tèm lè yo bay kanè (Trimès).
Lalwa nan Massachusetts deklare lekòl piblik yo dwe sèvi elèv ki nan laj 6-21 an.
Nan Randolph, elèv kòmanse nan jadendanfan (yo dwe genyen 5 an nan dat 31 out ).
Lekòl Primè : K-5èm Ane
Lekòl Mwayen: 6èm-8èm Ane
Lekòl Segondè: 9èm-12èm Ane
Remak: Randolph ofri yon pwogram pou elèv laj 3-5 an kit yo te genyen bezwen edikasyon espesyal ou non. Sila ki nan menm gwoup laj sa a, ki pa gen bezwen espesyal, ki vle patisipe, gen yon frè pou peye si gen plas vid. Pre-K pa obligatwa dapre lalwa nan MA.
Lekòl Randolph
Lekòl Primè Donovan
K-5èm Ane
123 Reed Street
Telefòn: (781) 961-6248
Lekòl Primè JFK ak PreK
PreK-5èm Ane
20 Hurley Drive
Telefòn: (781) 961-6211
Lekòl Primè Lyons
K-5èm Ane
60 Vesey Road
Telefòn: (781) 961-6252
Lekòl Primè Young
K-5èm Ane
30 Lou Courtney Drive
Telefòn: (781) 961-6256
Lekòl Randolph Community Middle School (RCMS)
6èm-8èm Ane
Randolph, MA 02368
Telefòn: (781) 961-6243
Lekòl Randolph High School (RHS) ak Akademi AIM
9èm-12èm Ane+
70 Memorial Parkway
Telefòn: (781) 961-6243
Orè nan Randolph
Lè ki gen sipèvizyon pou depoze timoun nan lekòl primè ~ 8:20am - 8:35am
Jounen lekòl primè ~ 8:35am - 3:20pm
Jou yo lage bonè ~ 8:35am - 12:15pm
Jounen lekòl an antye nan Pre-K~ 9am - 2pm
(ki ofri sèlman pou timoun ki sou IEP)
Jounen lekòl Pre-K AM ~ 9am - 11:30pm
Jounen lekòl Pre-K PM ~ 12:30am - 3:00pm
Jou yo lage bonè ~ Pa gen Pre-K
Jounen lekòl nan RHS ~ 7:50am - 2:50pm
Jou yo lage bonè ~ 7:50am - 11:40am
Jounen lekòl nan RCMS ~ 7:30am - 2:30pm
Jou yo lage bonè ~ 7:30am - 11:20am
Kalandriye Ane Lekòl 2023-2024
(Klike sou lyen ki pi wo a pou ka wè kalandriye a okonplè )
Anplwaye Lekòl yo
Direktè
Asistan Direktè
Dwayen
(JFK, RCMS, RHS)
Asistan Administratif
Travayè Sosyal
Konseye Pedagojik
Pwofesè Edikasyon Jeneral
Pwofesè Devlòpman Lang Angle
Enfimyè
Pwofesè Edikasyon Espesyal
Kòdonatè Edikasyon Matènèl (JFK)
Pwofesè elèv mwen yo
Primè
Lekòl Mwayen ak Lekòl Segondè
Ou gen kesyon sou …
Kontakte moun sa yo …
Transpòtasyon
Manje elèv
Orè elèv/klas
Pwogram anvan ak apre lekòl
Teknoloji
Konsèy sikolojik
Mizajou sou kontak
Nòt
Travay nan klas / Devwa lakay
Akademik
Pèfòmans Akademik
Èd andiplis
Edikasyon Espesyal
Lasante/ Medikal
Devlòpman Lang Angle
Kou ESL pou granmoun
Enskripsyon
Chanjman Adrès
Direktè Lekòl la oswa asistan administratif
Pwofesè
Asistan Direktè
Enfimyè
Pwofesè ESL
Biwo Enskripsyon Fanmi (FRC)
Sit entènèt Randolph
www.randolph.k12.ma.us
Klike la a pou tradui l!
Manje Elèv
Tout elèv nan Lekòl Piblik Randolph yo jwenn ti dejene ak manje a midi gratis.
Pitit ou a ap resevwa yon nimewo ki gen sis (6) chif (menm nimewo ak imel yo a) se responsablite yo pou antre nimewo sa a chak jou lè manje midi a.
Klike la a here pou wè meni an.
Transpòtasyon Elèv
Mwayen Kominikasyon nou
Apèl telefonik, Teksto ak Imel: Distri a ak lekòl yo ap sèvi ak apèl telefonik, teksto ak imel otomatik pou voye enfòmasyon enpòtan. Asire w nimewo telefòn ou ak imel ou kòrèk nan PowerSchool.
App RPS : Ou kapab chèche “Randolph Public Schools” nan Google osinon nan magazen App la.
Class Dojo: Lekòl elemantè yo ak Pre-K sèvi ak app ki rele Class Dojo a pou kominike. Se yo k ap ba ou enfòmasyon an.
Kominikasyon ki Tradui
Nou fè tout sa nou kapab pou voye enfòmasyon yo ba ou nan lang ou. Men, si ou jwenn yon mesaj an Angle, ou kapab pale ak lyezon lafanmi w nan.
GISELLE VALDEZ
Español
TELEFÒN: 781-961-6220 EXT 588
TELEFÒN SELILÈ: 339-209-2539
ALINE VIANA
Português
TELEFÒN: 781-961-6220 EXT. 581
TELEFÒN SELILÈ: 339-204-5505
IMEL: vianaa@randolph.k12.ma.us
DR. LUNINE PIERRE-JÉRÔME
Kreyòl Ayisyen, Fransè
TELEFÒN: 781-961-6220 EXT. 587
TELEFÒN SELILÈ: 781-807-0081
PowerSchool
PowerSchool se yon sit entènèt nou itilize pou suiv enfòmasyon sou elèv yo, fè apèl, epi konsève nòt yo.
Ou kapab telechaje app Powerschool la sou telefòn ou pou tcheke ki nòt elèv nan lekòl mwayen ak lekòl segondè fè nan travay yo (devwa lakay, tès, pwojè, e latriye) pandan tèm nan.
Ou kapab jwenn kopi kanè ak rapò sou pwogrè PK-12 nan Pòtay Paran Powerschool ou a.
Nan Ka Ijans
Li trè enpòtan pou toujou mete nimewo telefòn ou ajou nan lekòl la. Nou itilize nimewo telefòn ki nan PowerSchool la ak tout imel, tèksto oswa app RPS la pou kominike ak ou nan ka ijans.
Li enpòtan pou gen yon dezyèm nimewo kontak ijans ki sou lis la nan PowerSchool.
Jou Nèj ak nan ka Ijans
Nan jou lè gen anpil nèj epi wout yo danjre, sipèrentandan an ap ranvwaye lekòl.
Lekòl kapab anile tou pou lòt ijans ki pa gen rapò ak move tan. (egzanp, pàn kouran, tiyo pete, pandemi)
W ap jwenn yon apèl telefonik oswa yon teksto. Ou kapab tcheke sit entènèt Randolph la tou. Epitou, sa ap nan nouvèl lokal.
N ap ratrape tout jou ki rate yo nan fen ane a.
Regleman sou Prezans
Vin lekòl regilyèman epi alè esansyèl pou reyisi lekòl. Lekòl yo rekonèt paran timoun ki nan lekòl nou yo gen dwa ak responsablite espesyal, e youn ladan yo se asire yo pitit yo vin lekòl regilyèman, selon lalwa.
Kidonk, elèv kapab gen eskiz tanporè lè yo pa prezan lekòl pou rezon ki pi ba yo:
1. Maladi osinon karantèn (ak yon nòt doktè a).
2. Dèy oswa maladi grav nan fanmi an.
3. Tèlman gen move tan, sa kapab mete sante timoun nan an danje.
4. Selebrasyon fèt relijye.
Klike la a sou sit entènèt Randolph la pou wè Etap yo sou Prezans yo: https://www.randolph.k12.ma.us/domain/2476
Akademik
Kourikoulòm (Pwogram Eskolè)
Lekòl yo suiv menm Chapant Kontni Kourikoulòm nan Massachusetts, yon seri kritè akademik ki make ki sa elèv yo dwe konnen nan chak matyè nan chak nivo Ane.
Randolph chwazi kourikoulòm ki suiv kritè sa yo ak materyèl enstriksyon kalite wo nivo pwofesè yo itilize pou anseye.
Sistèm Nòt - PK ak Primè
Nòt ki make nan kanè yo baze sou kritè/ladrès nou espere pou elèv yo atenn nan nivo klas y ap fè a.
Nou rapòte nòt yo selon jan elèv la satisfè sa n ap atann nan men li an:
Depase Atant yo (E)
Satisfè Atant yo (M)
An pati Satisfè Atant yo (P) �Poko satisfè atant yo (N)
Pou kominike pwogrè akademik pitit ou a:
Kanè yo distribye twa fwa pa ane lè trimès la fini pou elèv premye-5èm Ane.
Kanè yo distriye de (2) fwa pa ane lè semès la fini pou elèv PK ak Jadendanfan.
Sistèm Nòt – Lekòl Mwayen ak Segondè
Se lèt ak chif ki itilize pou sistèm nòt la:
A = 90-100
B = 80-89
C = 70-79
D = 60-69
F = 50 ak pi piti
Pou kominike pwogrè akademik pitit ou a:
Kanè yo distribye kat fwa pa ane nan fen chak trimès. Kanè yo genyen nòt an chif ak kòmantè pwofesè yo.
Rapò sou Pwogrè distribye kat fwa pa ane nan mitan trimès la. Rapò sou pwogrè yo genyen kòmantè sou travay nan klas ak jefò.
����Èd Akademik an diplis
Pwofesè Randolph yo rete apre lekòl pandan de jou nan semenn nan pou èd an diplis.
Elèv yo kapab mande pou rete ak pwofesè yo.
Pwofesè yo kapab mande elèv yo pou vini anvan oswa apre lekòl pou èd an diplis.
Teknoloji Lekòl
Tout elèv nan Randolph K-12 gen yon ekipman teknoloji pou yo itilize pou fè travay lekòl yo.
Tout elèv k ap itilize òdinatè ki pou lekòl la fèt pou peye lekòl la yon frè anyèl $30 (swa lajan kontan, chèk ‘money order’ oswa chèk yo achte labank). Frè a kouvri enstalasyon, sipò, ak yon reparasyon.
Platfòm sou Entènèt
Elèv yo gen kont sou plizyè platfòm aprantisaj ki sou sit entènèt, tankou sa ki pi ba yo:
1-12: iReady nan Lekti ak Matematik (yo kapab itilize yo lakay)
K-5: ST Math
Kèk elèv : Lexia Lekti (yo kapab itilize li lakay)
MCAS – Egzamen Leta
Tès sa yo di nou ki jan elèv la ap fonksyone nan kritè leta yo. Li di nou tou nan ki mezi lekòl la ap fonksyone.
Lekòl Primè ak Lekòl Mwayen
Elèv nan 3èm-8èm Ane pran yon egzamen chak ane sou kapasite yo nan matematik ak nan atizay lang angle. Elèv nan 5èm Ane ak 8èm ane pran yon egzamen nan syans tou.
Lekòl Segondè
Elèv lekòl segondè dwe pase yon egzamen Yon egzamen Atizay Lang Angle, yon egzamen matematik, ak yon egzamen syans pou yo kapab gradye epi resevwa diplòm yo. Yo kapab repran egzamen sa yo otan fwa ki nesesè pou yo kapab pase.
Elèv ki pa pase egzamen MCAS yo, ap jwenn yon sètifika ki di yo te prezan, men yo p ap gen yon diplòm.
Tès nan Nivo Distri a ak Lekòl yo
Distri a bay tès twa fwa pa ane pou wè ki jan elèv yo ap fonksyone. Yo itilize rezilta tès sa yo pou detèminen si elèv yo bezwen èd an diplis nan yon domèn kèlkonk.
Tès My IGDIs
Tès iReady
Tès Dibels
Enplikasyon Paran
Nou atann nou pou paran kominike ak lekòl la ak pwofesè yo epitou nou ankouraje yo pou fè sa. Nou konsidere paran kòm premye patnè nan edikasyon pitit yo, lèfini nou valorize opinyon yo.
Konferans Paran-Pwofesè : Anpil fwa lekòl la òganize konferans regilye kote paran yo kapab rankontre ak anseyan yo pou diskite pwogrè, pwen fò ak nan ki domèn pitit yo bezwen amelyore.
Parent-Teacher Associations (PTA): Panse a patisipe nan PTA a pou kapab toujou enfòme sou aktivite lekòl yo, regleman, ak opòtinite pou fè benevola.
Komite Konsèy Lekòl la : Chak lekòl genyen yon gwoup paran ak pwofesè ki konseye direktè a.
ELPAC: Nou ankouraje paran aprenan lang Angle yo pou patisipe dekwa pou yo bay distri lekòl yo konsèy ak opinyon pa yo.
Atant sou Konpòtman
Chak lekòl gen pwòp seri atant yo sou konpòtman, men kèk sa ki komen:
Klike la a pou kòd konduit distri lekòl Randolph yo: https://www.randolph.k12.ma.us/Page/2521
Chak lekòl gen pwòp livrè li sou sit entènèt la.
Sipò Sosyal Emosyonèl
Anpil elèv gen difikilte pou yo aprann akoz bezwen sosyal ak emosyonèl yo. Lekòl yo eseye ede timoun sa yo kèlkilanswa lè nou kapab.
Fè konesans ak Travayè Sosyal nou yo:
Allysha Williams
Lekòl Primè Donovan
123 Reed Street
Telefòn: (781) 961-6248
Kristin Madden/ Camilla Johnston
Lekòl Primè JFK
20 Hurley Drive
Telefòn : (781) 961-6211
Giscard Saintil/ Sandra Tabares
Lekòl Primè Lyons
60 Vesey Road
Telefòn : (781) 961-6252
Spencer Anderson
Lekòl Primè Young
30 Lou Courtney Drive
Telefòn : (781) 961-6256
Aimee Byrne/ Amy Hardy/ Tara Whooley
Lekòl Mwayen (RCMS)
Randolph, MA 02368
Telefòn : (781) 961-6243
Dan Bellistri/ Fhynita Brinson/ Noelle Vega/ Eileen Vlieger
Lekòl Segondè Randolph High
70 Memorial Parkway
Telefòn : (781) 961-6220
Pwogram Anvan ak Apre Lekòl
Lekòl Primè:
YMCA: Anvan ak apre lekòl nan chak lekòl elemantè yo
South Shore Stars: Swan anvan ak apre lekòl nan Randolph. Gen otobis pou ale nan pwogram nan, etan nan lekòl la. (Lekòl JFK a gen pwogram Stars sou plas.)
Rise Extended Day: Swen anvan ak apre lekòl nan Randolph. Gen otobis pou ale nan pwogram nan, etan nan lekòl.
Lekòl Mwayen ak Lekòl Segondè:
Nou ofri plizyè klib ak espò nan lekòl mwayen an ak lekòl segondè a.
Pre-K pa gen pwogram anvan ak apre lekòl.
Si ou bezwen èd pou peye pwogram anvan ak apre lekòl yo, mande sa nan biwo lekòl la.
Pwogram an Ete
Lekòl Primè:
Summer Discovery Zone (Zòn Dekouvèt an Ete)
Lekòl Mwayen :
SLAM: Summer Leadership Academy for Multilingual Learners (Akademi Lidèship an Ete pou Elèv Miltileng)
Lekòl Segondè :
SLAM: Summer Leadership Academy for Multilingual Learners (Akademi Lidèship an Ete pou Elèv Miltileng)
Credit Recovery Program (Pwogram Retrapaj Kredi)
Pre-K pa gen pwogram an ete
Pwogram pou Aprenan Miltileng
Pwogram pou Aprenan Miltileng: SEI
Sheltered English Immersion (SEI): Pwogram imèsyon an Angle sèlman, klas nan kontni yo matyè yo nan nivo klas la, epitou klas devlòpman lang Angle
Kontni Nivo Ane a
Devlòpman Lang Angle
- Ak kanmarad ki pale Angle – Kontni modifye ak sipò pou aprenan lang Angle
- Aprann Angle ak lòt elèv
- Konsantrasyon sou langaj sosyal ak akademik
Pwogram pou Aprenan Miltileng: ESL
Elèv ki pale yon lòt lang ki pa Angle pran yon tès lang, ki rele WIDA Screener, lè yo fèk enskri. Tès sa a fè nou konnen si yo bezwen èd andiplis ak Angle akademik yo.
Elèv nou idantifye yo rele “English Learners” (Aprenan Lang Angle) oswa “Multilingual Learners” (Aprenan Miltileng).
Elèv sa yo ap genyen yon pwofesè ESL anplis ki travay ak yo nan sal klas yo a oswa nan yon salklas apa sou devlòpman langaj akademik yo.
Tès ACCESS
Tès sou konpetans nan lang Angle
Dat Tès yo: 1/4/24 rive 2/16/24
Chak lekòl gen pwòp orè li.
Rezilta: Disponib nan mwa jen.
Nou itilize rezilta yo pou detèminen ki sipò elèv yo bezwen nan lòt ane a.
Resous Lafanmi
Akademi Paran
Anplwaye Biwo Enskripsyon an
Administratè enskripsyon
Regina Federle
Telefòn: (781) 961-6247
Imel: federler@randolph.k12.ma.us
registrationoffice@randolph.k12.ma.us
Lang: Angle, Pòtigè, ak Panyòl
Asistan Administratif
Schimilliguen Janvier
Telefòn: (781) 961-6247
Imel: janviers@randolph.k12.ma.us
Lang: Angle, Kreyòl Ayisyen, Franse ak Panyòl
Si ou bezwen kontakte biwo enskripsyon an, rele youn nan anplwaye nou yo ki make la a
Nou ouvè e nou disponib pou asiste ou jou sa yo :
8:30 AM - 3:30 PM
(Lendi - Vrandedi)
Codman Square
Sèvis nan Codman
Biwo Sant Sante Codman Square nan Randolph
(781) 807-1771 oswa imel: CRSST@Codman.org
Sipò nan konpòtman ak konsèy
Vaksinasyon/iminizasyon
Swen sante
Gwoup sipò pou nouvo paran
Enfimyè Lekòl
Enfimyè Lekòl yo
Enfimyè Lekòl Randolph yo founi sèvis sante okonplè selon lwa Eta a ak regleman yo nan kreye yon klima sen ak byennèt nan lekòl yo.
Fè konesans ak Enfimyè Lekòl nou yo
Danielle Shearer
Lekòl Primè Donovan
123 Reed Street
Telefòn: (781) 961-6248
Heather Lemoine
Lekòl Primè JFK /PK
20 Hurley Drive
Telefòn:(781) 961-6211
Michelle Apazidis
Lekòl Primè Lyons
60 Vesey Road
Telefòn:(781) 961-6252
Kim Cabral
Lekòl Primè Young
30 Lou Courtney Drive
Telefòn:(781) 961-6256
Chris Gervino
Lekòl Mwayen (RCMS)
Randolph, MA 02368
Telefòn:(781) 961-6243
Margaret Mullin
Lekòl Segondè
Randolph High
70 Memorial Parkway
Telefòn:(781) 961-6220
Ki sa enfimyè lekòl yo fè?
Popilasyon Espesyal
Ki sa Edikasyon Espesyal ye?
Depatman Edikasyon Espesyal travay ak lekòl yo ak fanmi yo pou founi bay timoun ki gen bezwen espesyal pwogram edikasyon espesyal ak sèvis.
Sèvis edikasyon espesyal yo se pou elèv ki genyen yon twoub kèlkonk ki gen enpak sou pèfòmans akademik elèv la epi ki mande pou genyen yon Plan Edikasyon Endividyèl (IEP) pou li ka gen aksè ak kourikoulòm nan. Nan Lekòl Piblik Randolph, nou kwè elèv edike nan anwiwònman ki gen mwens kontrent la (tankou pa egzanp sal klas edikasyon jeneral). Depatman Edikasyon Espesyal la responsab founi enstriksyon espesyalize dirèk pou apeprè 600 elèv ki gen twoub ant laj 3 zan ak vennde zan.
Si ou gen enkyetman konsènan aprantisaj pitit ou a, tanpri souple kontakte Asistan Direktè lekòl pitit ou a.
Asistan Direktè Edikasyon Espesyal
Beth Fitzgerald
Lekòl Primè Donovan
123 Reed Street
Telefòn:(781) 961-6248
Scheba Basile (K-5) Rochelle McGrath (PK)
Lekòl Primè JFK
20 Hurley Drive
Telefòn:(781) 961-6211
Kristen Sciulli
Lekòl Primè Lyons
60 Vesey Road
Telefòn:(781) 961-6252
Jennifer O’Connell
Lekòl Primè Young
30 Lou Courtney Drive
Telefòn:(781) 961-6256
Damian Sugrue
Lekòl Mwayen (RCMS)
Randolph, MA 02368
Telefòn:(781) 961-6243
Steadman Graves
Lekòl Segondè
Randolph High
70 Memorial Parkway
Telefòn:(781) 961-6220
Thank you! Cảm ơn! Salamat! Mèsi! Obrigado! Gracias!