1 of 44

Pwojè pou Reyimajine Finansman Lekòl

Lekòl Piblik Boston

15 novanm, 2022

REYINYON DEMARAJ

2 of 44

2

An nou reyimajine finansman lekòl ansanm

Pwojè pou Reyimajine Finansman Lekòl la se yon inisyativ Lekòl Piblik Boston k ap chèche reyimajine finansman lekòl nan yon fason ekitab.

Pwosesis sa a, k ap dire plis pase 18 mwe, kreye pou l santre vwa elèv, fanmi, kominote, ak lidè lekòl nan pwosesis rekonsepsyon finansman an, pou ke n kapab reflechi ansanm sou kòman relgeman nou genyen parapò a finansman kapab sèvi elèv Lekòl Lekòl Piblik Boston (BPS) yo pi byen e soutni lekòl BPS.

Ki sa ki Pwojè Reyimajinasyon an ?

3 of 44

Zouti Planifikasyon BPS pou Ekite Rasyal

Angajman kominotè ekitab e enklisif se yon eleman kle nan planifikasyon ak priz desizyon ki pote siksè.

3

4 of 44

Pati enterese yo ap angaje sou tout nivo ; ou kab fè yon koudèy anba a pou w wè kilès ki avèk nou jodi a

4

Paran, Gadyen Responsab, ak Fanmi

Jenny Marcelin

Jonathan Reovan

Defansè ak Òganizasyon Defansè

Roxi Harvey

Suzanne Lee

Dan French

Karim Elrazzaz

Lisa Gonsalves

Lidè Lekòl

Richard Chang

Danielle Costello

Traci Walker Griffith

Hai Son

Megan Welch

William Thomas

Lee Franty

Geoffrey Walker

Katie Grassa

Joanna Cruz

Emily Sproviero

Kristen Goncalves Redden

Andrew Bott

Sidney Brown

Walter Apperwhite

Rebecca Gadd

Clarke-Mason, Lauren

Sipèentandan

Tommy Welch

Ted Lombardi

Depatman Finans

Nathan Kuder

Steven Ramirez

Katie Kline

Atheena Arasoo

Jamie Racanelli

Keith Hellmold

Daniela Reyes Saade

Serena La Roque

Lòt Depatman

Blair Dawkins

Robert Bardwell

Heidi Cahoon-McEwen

Chris Panarese

Julia Bott

Ethan d’Ablemont

Ignacio Chaparro

Faye Karp

Myriam Ortiz

Ahmed Noor

Allen Dowling

Rainelda Borrero

Noel Green

Angajman Kominotè Kontinyèl Pandan Tout Dire Pwojè a

Angajman Trimestyèl (Chak Trimès) avèk Biwo Majistra a, Sendika Pwofesè Boston an (BTU), Komite Skolè a

Kominote Lekòl Piblik Boston an (BPS)

Lekòl Lekòl Piblik Boston yo

Administrasyon Lekòl Piblik Boston yo

Elèv

2 elèv BSAC ki fenk eli

5 of 44

Lòt Patnè nan Travay sa a

5

6 of 44

6

Pawòl Sipèentandan an :

�Mary Skipper

7 of 44

7

Pataj Valè Pati Enterese yo

Sous : Fern Cunningham-Terry: Step on Board Harriet Tubman Square, South End

8 of 44

Kolektivman, kilès nou ye ak ki valè nou pote bò tab reyimajine a ?

Sa nou finanse ofri nou yon apèsi sou sa nou bay valè

Aktivite an ti gwoup : 3 minit pou chak moun.

1ye Etap : Pran yon ti tan pou w entwodui tèt ou e rakonte yon istwa sou yon bagay ou bidjete (ou fè bidjè pou li) nan pwòp vi pa w.

2yèm Etap : Pataje kòman atik sa a (bagay sa a) enpakte lavi w. Ki valè ki mare ansanm avèk bidjete oswa finanse bagay sa a ?

8

9 of 44

Pwogram reyinyon jodi a

9

✓ Akèy

✓ Pawòl Sipèentandan an

✓ Pataje valè pati enterese yo

  • Divès objektif ak eleman majè pwojè a
  • Asire ekite ak kontrandi
  • Bezwen elèv nou yo ak lekòl nou yo k ap pede chanje
  • Pwochèn Etap Yo

10 of 44

Objektif yo pou jodi a

10

  • Pataje responsabilite kolektif pou amelyore konsèp regleman parapò a finansman pou n kapab pi ekitab, reyaktif, e enklisif

  • Konprann wòl chak gwoup pati enterese ak objektif patikilye yo

  • Kòmanse devlope yon konpreyansyon pataje sou strikti regleman aktyèl la pou afè finansman

  • Kreye yon modèl egzanplè de transparans nan pwosesis rekonsepsyon an epi dezòmè detaye divès mezi kontrandi pwojè a

Ki sa m kapab atann nan tan n ap pase ansanm jodi a ?

11 of 44

Reyimajine Regleman Lekòl BPS parapò a Finansman

Ekite ankre apwòch nou paraoò a reyiminajine fason nou distribye fon bay lekòl yo, epitou rekòmandasyon finansman yo ap soti dirèkteman nan men kominote a

11

OBJEKTIF LA

Rekonsevwa regleman parapò a afè finansman pou soutni chak timoun nan yon fason pi ekitab pou yo kapab atenn objektif yo e reyisi, avèk yon anfaz sou elèv ak fanmi sila yo ki fè pati Lekòl Piblik Boston ki istorikman aleka sosyete a.

12 of 44

Finansman Lekòl se youn nan plizyè dimansyon ekite parapò a resous ki enpakte eksperyans ak rannman yon elèv, e li ranfòse plizyè lòt dimansyon.

Sous : Alliance for Resource Equity (« Alyans pou Ekite nan Resous »)

12

13 of 44

Nan ki fason RSF (Reyimajine Finansman Lekòl) gen plas li nan operasyon jeneral Lekòl Piblik Boston ?

13

Reyimajine distribisyon finansman se yon blòk konstriksyon esansyèl nan founisman ekite parapò a resous ak afè akademik pou elèv nou yo.

Lòt Inisyativ Lekòl Piblik Boston

  • Inisyativ Enklizyon
  • Divès Modèl Sèvis pou Elèv k ap Aprann Anglè

14 of 44

Pwojè RSF BPS la (Reyimajine Finansman Lekòl Lekòl Piblik Boston an) kreye pou l mete kominote a nan sant priz desizyon BPS yo parapò a finansman

Yon regleman reyimajine parapò a finansman ki pote reyisit ap :

14

Fè divès koneksyon eksplisit a lòt aspè ekite parapò a resous, odela de distribisyon finansman an ki merite plis egzaminasyon.

Byen atikile e, fò kominote nou an kapab gen yon bon konpreyansyon sou yo ;

Founi sipò pi ekitab bay chak timoun pou yo kapab atenn objektif yo e reyisi, avèk yon anfaz sou elèv ak fanmi sila yo ki fè pati Lekòl Piblik Boston ki istorikman aleka sosyete a ;

15 of 44

15

Asire Ekite, Kontrandi, ak Transparans

Sous : Rob Gibbs: Breathe Life 3 808 Tremont Street, South End

16 of 44

Divès Valè Pwojè a

16

EKITE : Leve vwa gwoup sila yo ki istorikman aleka sosyete a ki pa gen twòp vwa, oswa ki pa gen okenn vwa, nan desizyon k ap fèt parapò a afè finansman.

TRANSPARANS : Etabli yon pwosesis pou angajman kominotè ki transparan, otantik, dekwa pou fòmil finansman an enkli e onore divès vwa ki fè pati kominote Lekòl Piblik Boston an (BPS).

PRIZ DESIZYON PATAJE : Asire ke kòmantè pati enterese yo valorize e reflete aklè nan metodoloji rekonsepsyon an

SANTRE SOU ELÈV YO : Kreye yon metodoloji finansman nouvo, oswa ki modifye, ki konsantre sou elèv yo aklè parapò a finansman e ki enapakte yo

16

17 of 44

Zouti Planifikasyon BPS pou Ekite Rasyal

Pa genyen yon priyorite ki pi wo pou Lekòl Piblik Boston pase founisman aksè ekitab, opòtinite pou chak elèv... Avanse ekite rasyal se travay NOU. Nou atann aske chak manm kominote Lekòl Piblik Boston gen yon konesans de divès inekite ki egziste yo, ak yon angajman pèsonèl pou elimine yo pa mwayen kèk mezi eksprè.

17

18 of 44

Se kòman n ap kenbe responsabilite nou ?

18

Zouti Planifikasyon BPS pou Ekite Rasyal

Strateji pou Ekite Rasyal : Egalite konpare ak Ekite

Souvan moun melanje yo pou fè yo fè youn, men an efè, ekite ak egalite kapab opoze youn lòt. Pou elimine divès mankman ki pèsiste nan kominote nwa, latinx, ak azyatik yo nan Lekòl Piblik Boston, nou dwe fè yon ajisteman pou detoune nou de yon prensip fondamantal egalite - kote moun resevwa menm bagay - a yon prensip ekite : kote ke priyorite a konsantre sou sila yo ki gen plis bezwen.

Sous : Zouti Planifikasyon Ekite Rasyal BPS la : https://docs.google.com/document/d/1_7gGRyqEVtY3OLqngvTdlw8J4MziJsZcoMLRE8hoTl4/edit

19 of 44

Kòmantè ki sot nan Tab Won Ekite Tout Vil Lekòl Piblik Boston an, jen, 2022

Komite angajman an, pou tèt pa l, dwe reflete divèsite kominote nou an e enkli divès gwoup pati enterese kle. Komite a p ap kab fè yon plan angajman efikas e otantik si vwa sa yo pa chita bò tab planifikasyon an.

19

20 of 44

Levye kle a : Enpak Kominotè Siyifikatif

20

Sous : Zouti Planifikasyon Ekite Rasyal BPS la : https://docs.google.com/document/d/1_7gGRyqEVtY3OLqngvTdlw8J4MziJsZcoMLRE8hoTl4/edit

20

21 of 44

Boston Public Health Commission 2016-2019 (Komisyon Sante Piblik Boston 2016 jiska 2019)

Desizyon ki fèt sou regleman, èd piblik (èd gouvènman), ak distribisyon resous ap sèvi moun ki afekte yo pi byen si yo fèt an patenarya avèk yo.

21

22 of 44

RSF (Reyimajine Finansman Lekòl) Mete Kominote a nan Sant

22

Komite Direktè Kominotè a ap gen otorite pou l rekòmande yon regleman pou finansman lekòl bay Sipèentandan an, konfòm a Zouti Planifikasyon pou Ekite Rasyal BPS la.

Gwoup travay yo ap fè yon travay konplè pou rekonsevwa divès opsyon modèl finansman e rekonsevwa evalyasyon enpak yo, pou fè angajman kominotè, e itilize divès ekspètis prensipal pou gide enmplemantasyon an.

23 of 44

Delè yo ak Objektif yo

Prentan jiska Otòn 2023

Faz 3 e 4

Analize divès opsyon e repete ansanm

Otòn 2023

Faz Final la :

Rekòmandasyon yo ap rive jwenn Sipèentandan an ak Komite Skolè a

Otòn 2022

Faz 1 :

Devlopman Priyorite yo

Ivè 2023

Faz 2 :

Konprann Eksperyans Elèv yo

Komite Direktè a

Gwoup Travay Règ Finansman

Gwoup Travay Prensipal

Angajman ak Kominote yo

Ini ansanm sou premye gwoup popilasyon priyoritè yo e eksplore kilti dominan an (majorite a)

Atikile divès prensip santral regleman parapò a finansman an sou baz eksperyans elèv yo

Evalye aplikasyon prensip yo a divès nouvo opsyon regleman parapò a finansman

Founi analiz kantitatif pou ede idantifye divès popilasyon ak lekòl pou plis eksplorasyon

Devlope pwofil elèv priyoritè yo

Idantifye sa k ap nesesè pou n byen sèvi popilasyon priyoritè yo

Bay kòmantè sou enpak divès opsyon regleman parapò a finansman an fè sou elèv yo ak lekòl yo

Tradui prensip yo ak kòmantè prensipal yo a yon seri opsyon regleman pou afè finansman

Repete e ajiste modèl yo sou baz kòmantè pati enterese yo

Devlope plan angajman inisyal la (premye plan an)

Kolekte kòmantè nan men paran yo, elèv yo, ak manm pèsonèl yo

Founi kòmantè kominote a sou enpak fòmil rekonsevwa a

23

24 of 44

Divès Konvèsasyon an Ti Gwoup

Aprè w fin gade Zouti Planifikasyon Ekite Rasyal la, divès valè pwojè a, divès wòl komite a, divès delè pwojè a, itlize gid suivan yo pou w reflechi...

24

  • Sa ki plis enterese m se ____________
  • Pwojè sa a sanble ak yon pwojè inik paske __________
  • Mwen konnen ke wòl mwen nan pwojè sa a se ___________________

25 of 44

Entèvyou ak yon manm kominote Lekòl Piblik Boston an (BPS), jen, 2022

« Lekòl Piblik Boston bezwen depann de divès done pou ede rakonte istwa a e kominike verite a pou ede l pran kèk desizyon difisil. »

25

26 of 44

26

Bezwen elèv nou yo ak lekòl nou yo ap pede ogmante e chanje.

Ki sa sa vle di pou fason n ap reyimajine regleman lekòl nou yo parapò finansman ?

Sous : “Guiding Giants” , otè : Taj Francis. Fotograf : Hannah Moore/Northeastern University

27 of 44

Sous : Analiz Afton Partners, avèk itilizasyon done ki sot nan https://profiles.doe.mass.edu/statereport/enrollmentbygrade.aspx

27

Enskripsyon elèv nan Lekòl Piblik Boston arive bese pandan dènye dizan ki sot pase yo

Enskripsyon nan Lekòl Piblik Boston arive bese 16,2 % (8.945 elèv) depi ane skolè 2012-2013 la

Pandan menm peryòd tan an, tout lòt distri yo nan Massachusetts te pèdi 3,8% nan enskripsyon yo

28 of 44

Konsantrasyon elèv latinx yo nan Lekòl Piblik Boston te ogmante 2,1%, pandanke konsantrasyon elèv nwa arive bese 4,6% depi ane skolè 2014-2015

Enskripsyon elèv Lekòl Piblik Boston parapò a ras arive chanje avèk letan

Sous : Analiz entèn Afton ki sot nan done MA DOE (Depatman Edikasyon Massachusetts) : https://profiles.doe.mass.edu/statereport/enrollmentbyracegender.aspx

28

To elèv k ap kite Lekòl Pibilk Boston depi 2015

Lòt ras/ras metiz

Azyatik

Blan

Nwa

Latinx

6,3%

-11%

-6,4%

-26,6%

-10,6%

29 of 44

Chanjman nan Bezwen Elèv yo : Pwopòsyon elèv Lekòl Piblik Boston ki bezwen divès sipò spesyalize k ap ogmante

Sous : Analiz entèn Afton ki sot nan done MA DOE (Depatman Edikasyon Massachusetts) : https://profiles.doe.mass.edu/statereport/selectedpopulations.aspx

Konsantrasyon elèv ki gen yon dezavantaj ekonomi (ekonomi fèb) te arive ogmante 43,8% pandan 7 an ki sot pase yo

29

30 of 44

Elèv Lekòl Piblik Boston nou yo jodi a : 46.169 elèv

Ras/Etnisite

Bezwen Elèv yo

Sous : (1) https://www.bostonpublicschools.org/cms/lib/MA01906464/Centricity/Domain/187/BPS%20at%20a%20Glance%202021-2022.pdf

(2) https://profiles.doe.mass.edu/profiles/student.aspx?orgcode=00350000&orgtypecode=5&leftNavId=300

Lòt

ras/ras metiz

5%

Nwa

28%

Latinx

42%

Blan

16%

Azyatik

9%

Ane Finansye 2023

% Sila yo ki gen yon dezanvantaj ekonomik

% Premye lang yo

ki pa Angle

% Elèv k ap Aprann Angle

% Elèv ki gen

Andikap

21,9%

30,4%

48,1%

71,2%

30

31 of 44

Sous : Analiz entèn Afton avèk itilizasyon nòt matematik nan NAEP pou elèv klas 8yèm ane yo

Divès Chanjman nan Bezwen Elèv yo : Inikite yo nan rannman elèv yo selon ras anpil e y ap ogmante

Nòt NAEP pou elèv nwa ak elèv latinx nan Lekòl Piblik Boston arive bese selon yon to ki pi wo pase mwayèn nasyonal la pou distri piblik yo

31

32 of 44

Lekòl Piblik Boston te arive fè divès ajisteman nan fason lekòl yo finanse sou baz chanjman sa yo, men sa pa ko sifi

  1. Divès fon siplemantè pou kore kèk mankman
  2. Sipleman pou bès nan enskripsyon yo
  3. Divès adisyon nan sipò pou pwogram yo ak manm pèsonèl yo nan tout lekòl

Nou konnen ke sa pa dirab e ke elèv yo merite yon sistèm finansman ki kapab soutni reyisit yo.

Nan ki fason n kapab reyimajine regleman Lekòl Piblik Boston yo parapò a finansman atravè yon pwosesis ki santre sou kominote a, k ap ede asire yon eksperyans pi ekitab, de kalite siperyè, pou tout elèv ak lekòl, e ke tout kominote a kapab konprann pi fasilman ?

Kesyon Esansyèl Pwojè a :

Divès Solisyon Nou Eseye :

32

33 of 44

Lekòl Piblik Boston arive fè divès chanjman finansman piti piti andeyò WSF (Fon Elèv Balanse yo) pou ede soutni chanjman nan popilasyon an

Sous :  BPS FY23 Allocation Tracker v.8, Latest_BPS_Budget_FY23.xls

Distribisyon pou WSF

Transpòtasyon ak Operasyon

Avantaj yo

Lòt

Administrasyon Santral

Total

Lòt

Ajisteman Règ

ESSER (Fon Sekou Dijans pou Lekòl Elemantè e Segondè)

Total

Fon ki pa fon WSF

Ajisteman

Total fon Standa ki pa Fon WSF

Lekòl ki pa lekòl WSF

Total

Sipò pou Pwogram yo

Tit 1 ak Lòt pwogram

Sibvansyon

IDEA (Lwa an favè Edikasyon pou Moun ki Gen Andikap)

Total

508$ milyon

266$ milyon

183$ milyon

106$ milyon

85$ milyon

57$ milyon

49$ milyon

41$ milyon

40$ milyon

29$ milyon

18$ milyon

18$ milyon

3$ milyon

1,4$ bilyon

Lòt Ajisteman ki Baze sou Règ : Sa gen ladan l divès fon siplemantè pou kore kèk mankman ak divès Sipleman pou Enskripsyon k ap Bese, pou rann bidjè lekòl yo rete ranpli nan yon anviwòman enskripsyon k ap bese

Reajisteman Finansman ki pa Finansman WSF : Sa gen ladan l divès ajisteman lekòl patikilye pou liyezon fanmi ELT yo (Tan Aprantisaj Pwolonje), STEAM (syans, teknoloji, enjenyeri, atizay, matematik), konseye, divès pòs redresman ak lòt pòs

Distribisyon fon standa ki pa Fon WSF : Sa gen ladan l finansman pou travayè sosyal ak COSESS (kowòdinatè edikasyon espesyal)

Sipò pou Pwogram yo : Sa gen ladan l finansman pou divès pwogram skolè patikilye, tankou SLIFE, EFA, EEC/ELC, Defisyans Emosyonèl

(lajan siplemantè pou kore kèk mankman ak enskripsyon k ap bese)

(ajisteman lekòl pou liyezon fanmi ELT yo (Tan Aprantisaj Pwolonje), STEAM (syans, teknoloji, enjenyeri, atizay, matematik), konseye, divès pòs redresman, elatriye)

(enfimyè, travayè sosyal , COSESS (kowòdinatè edikasyon espesyal)

(pwogram nan lekòl yo, tankou : SLIFE, EEC/ELC, Defisyans Emosyonèl)

33

34 of 44

Lekòl Piblik Boston te arive wè yon ogmantasyon 31% nan depans ki fèt pou chak elèv, pandan 3 ane ki sot pase yo

Ogmantasyon 6.400$ pou chak elèv

Bidjè ane fiskal 2020 an pou chak elèv te 20.700$

  • Bezwen pou ratrapaj aprantisaj te ogmante aprè pandemi COVID-19 la (400$ milyon nan fon federal)
  • Konsantrasyon elèv ki bezwen divès sipò spesyalize te ogmante
  • Prèske 10% elèv nan ane fiskal 2021 an te kite distri a (yon bès 5.185 elèv)
  • Apwopriyasyon an total te ogmante 13,6% (de 1,1$ bilyon a 1,34$ bilyon)

Sous : Prezantayson Bidjè Lekòl Piblik Boston (BPS) pou ane fiskal 2023 (https://www.bostonpublicschools.org/Page/8896)

Bidjè pou chak elèv (ane fiskal 2021 jiska 2023)

34

35 of 44

Nan nivo lekòl yo, chanjman piti piti te arive enpakte distribisyon yo an jeneral men yo pa t sifi pou chanje rezilta yo

Pandan dènye 4 ane yo, Lekòl X te arive wè :

  • yon bès nan enskripsyon
  • ogmantasyon nan distribisyon
  • FTE (Anplwaye Apletan) fiks

E atravè sa, pa gen chanjman nan nòt DESE yo*

  • Nòt DESE pou ane fiskal 2019 : 7%
  • Nòt DESE pou ane fiskal 2022 : 7%

Ti chanjman nan lekòl yo : Enskripsyon Prevwa, Bidjè, ak FTE pou Lekòl X, Ane Fiskal 2020 jiska Ane Fiskal 2023

Sous : Analiz entèn Afton avèk itilizasyon (1) BPS FY23 Allocation Tracker v.8, Latest_BPS_Budget_FY23.xls (2) DESE (https://www.doe.mass.edu/accountability/lists-tools/accountability-data-2022.xlsx)

* Yon santil kontrandi DESE ant 1 e 99 rapòte pou majorite lekòl yo. Chif sa a se yon endikasyon rannman jeneral lekòl la relatif a lòt lekòl ki nan menm gwoupman nivo klas (lekòl ki pa lekòl segondè, lekòl mwayèn/lekòl segondè, oswa lekòl jadendanfan jiska 12yèm ane) e ki kalkile avèk itilizasyon jiska dezan done pou tout endikatè kontrandi.

Sa montre opòtinite pou nou eksplore eksperyans lekòl la ak eksperyans elèv la

35

36 of 44

36

Bezwen elèv nou yo a p ogmante e chanje

Nou arive ajiste fason nou finanse lekòl nou yo, men sa pa sifi

Kounye a se moman pou n reyimajine finansman nou

Nou bezwen byen konprann jodi a pou n kapab byen enfòme pou chemen lavni a

37 of 44

Rèv lavni osijè enpak pwojè nou an

37

Prompts

  • Si nou onore elèv yo, fanmi yo, ak manm kominote a, pwojè reyimajine a ap abouti a _________.

  • Rèv mwen konsènan Pwojè Reyimajine a

se pou _________.

38 of 44

Entèvyou avèk yon manm Komite Skolè Lekòl Piblik Boston an (BPS)

« Nou gen anpil travay di pou n fè, kote ke n ap bezwen twouse manch nou pou n fè moun konnen kote nou rive aktyèlman jodi a. Nou bezwen pou tout moun ale nan menm direksyon, nou bezwen montre chak grenn lekòl ak tout lekòl sa ki bon, move, e lèd. Ki kote n ap kòmanse, e ki pwojè ak inikite nou genyen ke n bezwen ranje ? Nou bezwen kòmanse avèk onètete e pataje avèk youn lòt kote nou bezwen rive a. Nou bezwen laverite sou bidjè Lekòl Piblik Boston an. Nan ki fason y ap enpakte eksperyans elèv yo ? »

38

39 of 44

39

Pwochèn Etap Yo

Sous : Silvia López Chavez: Joy 1150 Tremont Street, Roxbury

40 of 44

Ki sa k pwochèn etap la ?

40

  • Pwochèn Reyinyon Komite Direktè a
    • Pwopoze pou : 13 desanm, a 4:30 nan laprèmidi EST (lè kot ès)

Fasilitatè : Cole Chilla

Adrès imel li : cchilla@updconsulting.com

  • Pwochèn Reyinyon Gwoup Direktè a
    • Pwopoze pou : 15 desanm, a 4:30 nan laprèmidi EST (lè kot ès)

Fasilitè a : Adha Mengis

Adrès imel li : amengis@updconsulting.com

  • Pwochèn Reyinyon EC a :
    • Ap pral pwograme pou fen novanm.

Fasilitè a : Chris Rogers

Adrès imel li : crogers@updconsulting.com

  • Gwoup Regleman parapò a Finansman :
    • Demen, an pèsòn, a 10:30 dimaten jiska midi (12:00 pm) EST (lè kot ès)
    • Pwochèn reyinyon an : 15 desanm, a 10:30 dimaten EST (lè kot ès)

Fasilitatè a : Mollie Foust

Adrès imel li : mfoust@aftonpartners.com

Tout kandida ap resevwa detay yo nan imel nan men fasilitatè yo, pa pi ta ke demen

41 of 44

Tanpri ranpli fòmilè kòmantè a (« Feedback Form » la)

41

Tanpri fè n konnen kòman sesyon an te ye pou ou e kòman nou kapab ba w yon meyè eksperyans yon pwochèn fwa !

42 of 44

42

Mèsi.

An nou kore reyimajinasyon an ansanm !

43 of 44

Pwojè Lekòl Piblik Boston pou Reyimajine Finansman Lekòl yo

44 of 44