Pou sèvi ak Aspen -
Yon Gid Rapid pou Paran ak Gadyen
Somerville High School Fall 2023
Ki sa X2/Aspen ye?
X2/Aspen se yon sistèm enfòmasyon pou elèv Somerville High School. Elèv ak fanmi yo ka jwenn pifò enfòmasyon esansyèl SHS sou X2/Aspen, tankou anons ak opòtinite, orè yo, kòd Google Classroom yo, lyen zoom, ak klas yo.
Pou jwenn aksè X2/Aspen, ale sou sitwèb Somerville High School la. Desann nan "enfòmasyon rapid" epi chawzi "X2 Aspen Log in"
Pou konekte sou Aspen, antre 9 chif nimewo idantifikasyon lokal elèv ou a. Li ta dwe kòmanse avèk 11100....
aprè sa a, antre modpas la.
Si ou pa konnen nimewo idantite oswa modpas elèv ou a, mande elèv ou a, oswa kontakte Kominote SHS ki apwopriye a. Ou ka jwenn enfòmasyon pou kontakte w klike sou sa a
Lè ou premye konekte ou pral wè yon paj anons. Li ta dwe genyen tout lyen ak enfòmasyon kontak pou chak elèv nan klas la.
Nan X2-Aspen ou ka wè nòt elèv ou a. Chawzi seksyon Akademik la.
Ou ka wè nòt aktyèl elèv an nan chak klas
Chawzi yon klas pou jwenn plis enfòmasyon espesifik sou devwa ak nòt nan klas sa a
Pou wè nòt sou devwa endividyèl yo, klike sou onglèt bò "devwa" a. Ou pral wè yon lis tankou sa:
Checking Your Absences
Avèk nouvo regleman sou atandans SHS la, li enpòtan pou w swiv absans ou yo pou asire w ou pa gen plis pase 5 jou absans san eskiz nan okenn klas.
Ki jan pou ou wè absans ou genyen yo nan chak klas?
Ou ka ajiste paramèt ou yo sou X2/Aspen voye notifikasyon pou si pitit ou a absan oswa si nòt yo bese.
Ale nan onglèt "My Info" ki anlè paj la, epi chwazi Notifikasyon nan onglèt a gòch la.
Chawzi bwat blan ki akote notifikasyon ou vle yo voye ba ou yo avèk akote adrès imel ou vle voye l la.
Pou w wè Kanè ak Rapò sou Pwogrè, ale nan paj dakèy Aspen (premye paj ou ale lè ou konekte a) epi woule desann. Sou bò dwat ou pral wè "Rapò Pibliye" Klike sou "Rapò Pwogrè Pwovizwa - HS"
Ou ka bezwen klike sou PDF pou w ka ouvri Kanè a
ID LOGIN: Somerville ou a "111...." Nimewo ID
MODAS: Modpas senk chif lekòl la mete; Yo te voye modpas bay paran/gadyen pa imel. Si ou janm bliye, mande nenpòt pwofesè, konseye, oswa Asistan Direktè.
Itilize Aspen pou:
Tcheke nòt, prezans, kanè, orè, anons enpòtan
(ou ka jwenn li nan rechèch sou Google: "Aspen Somerville")
Pase bò tab Kominote w la epi pale ak yon konseye pou w jwenn modpas w ak konsèy sou w ap itilize Aspen
Konsèy pou Aspen:
Chawse "Full Site" lè w ap itilize telefòn ou