1 of 1

KONFIDANSYALITE DONE AK PWÒGRAM PIBLIK

5 BAGAY OU BEZWEN KONNEN

JIYÈ 2025

Lalwa entèdi pataje enfòmasyon pèsonèl sou moun k ap itilize sèvis sante oswa sèvis sosyal finanse pa gouvènman an ak ofisyèl imigrasyon yo. Men anba administrasyon Trump la, yo ka pafwa pataje enfòmasyon sa yo ak lapolis imigrasyon, menm si sa kont lalwa.

Men 5 bagay ou ta dwe konnen:

Pwogram piblik tankou Medicaid ak SNAP kapab trè itil, epi ou ta dwe balanse benefis yo ak risk ki genyen nan pataje enfòmasyon. Se ou menm sèl ki ka deside sa ki pi bon pou fanmi ou.

Si Depatman Sekirite Entèn lan deja konnen adrès ou ye kounye a, aplikasyon pou benefis yo pa ogmante risk ou.

Pa gen okenn risk anplis nan kontinye pwogram yo si w deja ap resevwa sèvis epi ou poko demenaje. Si ou sispann pwogram sipò esansyèl yo sa p ap efase done ou te deja bay yo, epi kontinye resevwa Medicaid oswa SNAP ap ede fanmi ou.

Ou pa oblije pataje tout bagay: Lè w ap aplike pou Medicaid oswa SNAP, ou pa bezwen pataje sitiyasyon imigrasyon an oswa nimewo Sekirite Sosyal pou manm fanmi ki pa aplike pou benefis pou tèt pa yo, epi ou pa ta dwe.

Règ chaj piblik yo pa chanje: Yo pa konsidere Medicaid ak SNAP nan yon detèminasyon chaj piblik.

1

2

3

4

5