Everett self-guided "NO HEAT" walking & biking feedback

Kisa n ap fè?

Tanpri ede n bay enfòmasyon pou kominote yo ka santi yo pi alèz pou deplase nan zòn yo.
Boston Region Metropolitan Planning Organization (MPO) ap travay sou yon pwojè ki rele Neutralizing Onerous Heat Effects on Active Transportation (NO-HEAT). Pwojè NO-HEAT la konsantre sou fason pou fè mache, monte bisiklèt oswa woule pi konfòtab. Boston MPO ap travay sou pwojè sa a ansanm ak vil Chelsea, Revere, Everett, ak Framingham. Patnè kominotè yo gen ladan yo: WalkMass, MassBike, Bike to the Sea, ak Mystic River Watershed Association.

Ki kalite fidbak n ap chèche?

Pandan ou ap mache oswa monte bisiklèt sou youn nan wout yo, gade pou nenpòt bagay ki rann li difisil pou mache, monte bisiklèt, oswa woule. Nou vle konnen si twotwa, pasaj pyeton ak limyè pou pyeton yo nan bon eta, oswa si gen ban, limyè, ak lonbraj sou wout la. Nou vle idantifye pwoblèm ki sou chak wout ki rann deplasman pi difisil.

Poukisa m ta fè sa?

Fidbak ou ap ede vil yo fè wout yo vin pi konfòtab! Yo bay kat kado makèt pou nenpòt moun ki pataje lide yo.

Aprann plis bagay sou pwojè a nan massbike.org/no_heat_walk_bike_audits & https://walkmass.org/no_heat_walk_bike_audits

Everett kat kote yo ye

Sign in to Google to save your progress. Learn more
Email *

Kijan ou ap vwayaje sou wout sa a?

*

SEKIRITE: An jeneral, èske ou te santi w an sekirite pandan ou t ap vwayaje sou wout sa a? Èske te gen anyen ki fè ou santi w plis oswa mwens an sekirite? Èske gen zòn kote ou pa t santi w an sekirite pou w vwayaje oswa travèse lari a? Poukisa?

(Egzanp: pwolongasyon twotwa, liy pou bisiklèt; oswa siyal pyeton ki kraze, trafik ki twò vit, pasaj pyeton ki manke).

KONFÒ: Eske ou te santi w konfòtab? Imajine ou t ap vwayaje sou kouridò sa a yon jou ki cho anpil. Èske te gen zòn ou te santi ki pi cho? Ki kalite estrikti ou panse ki ta ede bay lonbraj sou wout la? Èske te gen zòn nan mache a ki te pi fre? Poukisa?

Èske gen seksyon sou wout sa a ki sitou difisil oswa pa konfòtab pou granmoun aje? Ti moun? Moun ki gen mobilite limite? Lòt gwoup? Poukisa? Ki chanjman ki ta ka fè li vin pi an sekirite/pi konfòtab? Èske chanjman sa yo ta adrese konfò lè gen chalè tou?

DESTINASYON: Ki kalite destinasyon ki sou wout sa a? (Egzanp: makèt, lekòl, restoran, boutik). Èske ou souvan vwayaje nan destinasyon sa yo? Si wi, kijan ou rive la? Ki sa ki ta ka fè ou pi ankouraje pou mache oswa monte bisiklèt pou ale nan kèk nan destinasyon sa yo?

KONEKTIVITE: Èske wout sa a gen difikilte pou konekte ant kèk destinasyon enpòtan? Ki sa yo ye? Èske gen fason li konekte destinasyon ki vrèman efikas?

Mèsi paske ou ranpli fòm sa a! Si w enterese pou resevwa yon kat kado, tanpri bay enfòmasyon kontak ou.

Èske gen lòt bagay ou ta renmen pataje?
Submit
Clear form
Never submit passwords through Google Forms.
This form was created inside of MassBike.

Does this form look suspicious? Report