Anseye Pou Ayiti ap envesti nan yon sistèm edikatif ayisyen ki bay tout sitwayen dwa ak bon jan kalite edikasyon. Nan Anseye Pou Ayiti, nou travay ak kominote yo pou n kreye yon rezo lidè sivik. Ansanm, n ap konstui yon sistèm edikasyon egalego ki chita sou istwa, valè, epi vizyon.
Inisyativ sa a se youn nan priyorite nan « faz 2 » mouvman Anseye Pou Ayiti. Nou vle anplifye youn nan zoutiy –kotchin – ki akselere enpak APA depi premye kowòt anseyan-lidè nou yo. Nou vle devlope yon rezo kotch pou pèmèt plis aprenan, anseyan ak kominote sitou nan zòn pwovens yo devlope plis konpetans toujou. Finalman, nou vle enfliyanse yon chanjman nan sistèm nasyonal la – pou wòl kotch lan vin yon aktè esansyèl nan ledikasyon. Aprè fòmasyon yo, kotch yo ap kapab rive travay nan òganizasyon, biznis, lopital e lòt sektè, paske se kotch yo k ap motè chanjman pou n devlope lidè atravè sosyete nou. Se poutèt sa, kourikouloum nan konstui pou devlope konpetans transvèsal lakay kotch yo.
Kotch sa yo pral travay nan lekòl patnè APA yo sou Plato Santral. Pwogram devlopman pwofesyonèl sa a ak angajman nan lekòl la ap dire 4 lane (yon kotch = 1 lekòl).