2019 Pwogram Savan EFA: Enskripsyon pou preparasyon pou egzamen ISEE a
N ap di nou byenveni pou ane lekòl 2019-2020 an!  «Ekselans pou tout moun» (EFA) kontan anpil pou l ofri nou Pwogram Savan an pou yon lòt ane ankò.  Pwogram Savan an founi opòtinite bay elèv ak fanmi pou yo kapab prepare yo pou lekòl segondè ak pou lavi a pi devan.  Pwogram Savan an genyen de (2) faz ladan l: Preparasyon pou egzamen ISEE a ak Preparasyon pou lekòl segondè.  Li ofri Atelye pou Lafanmi nan toude faz yo, pou l bay fanmi yo kèk enfòmasyon, dekwa pou yo kapab kore elèv yo pi byen pandan y ap fè preparasyon pou pwochèn etap yo.

Siyati w sou fòmilè sa a vle di ke w bay elèv ou a pèmisyon pou l patisipe nan premye pati Pwogram Savan an (ISEE Prep – “Preparasyon pou egzamen ISEE a”) apati septanm 2019 jiska oktòb 2019.  

Remak: Se sèlman elèv BPS ki nan klas 6-8 ki ale nan EFA elijib pou pwogram sa a. Pou kesyon, tanpri kontakte Angel Calvin (acalvin@bostonpublicschools.org)
Sign in to Google to save your progress. Learn more
Email *
Next
Clear form
Never submit passwords through Google Forms.
This form was created inside of Boston Public Schools. Report Abuse