K-8 Pwogram Aprantisaj vityèl Pwolonje pandan ete a
A tout fanmi ki nan distri Lee County,

Nap travay pou nou ofri elèv yo opòtinite  pou yo kontinye apran nan lekol nou yo. Pandan ete a, nou konnen ke anpil elèv ka regrese akademikman; se poutèt sa, nou kontan ofri yon Pwogram Ete Aprantisaj Elaji sou Entènèt (Virtual) pou tout elèv nou yo ki nan klas K-8 kounye a. Nou pral sèlman itilize Pwogram iReady a, yon fason pou yo ka kontinye pwogram aprantisag sa a san yo pa pran twòp tan fanmi an.

Elèv ki chwazi patisipe nan pwogram ete sa a, ka itilize pwòp model aprantisaj  pa yo pou satisfè bezwen akademik espesifik sa , ki pral detèmine pa evalyasyon dyagnostik yo pral konplete anvan dènye jou lekòl la. Lè sa a, elèv yo ap travay sou model aprantisaj pa yo a pou 45 minit pa semèn nan Lekti ak 45 minit pa semèn nan Matematik. Y ap asiyen yon pwofesè pou chak elèv pou kontwole pwogrè ak bay sipò lè sa nesesè.

Pwogram Ete Aprantisaj Elaji sou Entènèt (Virtual) la ap kòmanse 13 jen epi fini 14 jiyè. Pwofesè yo ap disponib pou ede elèv yo senk jou pa semèn, lendi jiska vandredi.


Pati anba a, se yon sondaj pou tout fanmi yo ranpli,  swa patisipe,  oswa soti nan pwogram aprantisaj elaji a. Elèv ki patisipe yo ap kenbe / pote lakay yo chromebooks yo jiska 10 Out, ki se premye jou nan pwochen ane lekòl nou an. Nap mande elèv ki pap patisipe yo  pou yo retounen chromebooks yo a pati de 17 jen. Tanpri ranpli sondaj ki anba a pou chak pitit ou ki nan klas jadendanfan jiska klas 8yèm ane.

Sign in to Google to save your progress. Learn more
Èske elèv ou a (yo) patisipe nan Pwogram Aprantisaj vityèl Pwolonje pandan ete a? *
Elèv # 1: Ki non pitit ou a? (Denye, Premye) *
Elèv # 1: Ki sa ki ID elèv pitit ou a? (8 chif) *
Ki lekòl pitit ou a ye?
Clear selection
Ki nivo klas pitit ou ye? *
Èske ou gen yon lòt elèv K-8 nan Konte Lee? *
Next
Clear form
Never submit passwords through Google Forms.
This form was created inside of The School District of Lee County. Report Abuse