Kisa Valè ak Prensip Konbit yo ye nan kad pwogram sa: Patisipasyon, Kolaborasyon, Solidarite, Transparans, Ekite, Inovasyon, Kreyativite, Resipwosite, Respè, Konfyans, Reskonsablite, Etik ak Dirablite.
Kritè ak règleman ki dwe respekte nan kad aplikasyon pou pwogram sa?
Fòk inisyativ la an mezi pou demontre klèman li reponn ak yon bezwen reyèl nan kominote a.
Fòk inisyativ la pa baze sou lacharite, men pito sou solidarite; sa vle di kominote a enplike nan tout pwosesis la.
Fòk inisyativ la kreyatif ak inovan, kidonk li dwe pote yon bagay anplis epi fè yon diferans nan kominote a.
Fòk pou pi piti yon lòt asosyasyon oswa yon gwoup moun nan kominote a valide nesesite pou inisyativ sa fèt.
Fòk inisyativ la fèt nan bon jan enklizyon, sa vle di san diskriminasyon; sa vle di, pwojè a dwe pran ankont tout kouch sosyal ak minorite yo nan kominote a.
Fòk inisyativ a ankouraje resipwosite, sa ki vle di, moun pwojè a pral itil yo dwe yo menm tou mete yo osèvis kominote a lè gen bezwen.
Fòk inisyativ a genyen patisipasyon kominote a, kidonk ekip k ap pote pwojè a dwe mobilize resous anndan kominote a avan menm lajan sibvansyon Gwoup Konbit la.
Fòk gwoup moun k ap egzekite inisyativ la transparan sou fason y ap itilize resous inisyativ la, eksplike kijan nou pra l depanse lajan nou pra l resevwa, epi bay bon jan rapò ak kominote a avan, pandan e aprè peryòd egzekisyon inisyativ a.
Fòk ekip inisyativ la kapab eksplike estrateji yo pral mete sou pye pou montre enpak oubyen/ak dirablite inisyativ la.
Règ pou respekte: Fòk lajan Gwoup Konbit mete a dispozisyon inisyativ la pa itilize nan move kondisyon, pou fè kominote an mal oswa ankouraje vyolans.
Ranpli fòmilè sa kounya pou w kapab aplike pou inisyativ pa w la. Prepare videyo prezantasyon pitch inisyativ ou an ki pa depase 3 minit, epi avan 15 rive nan mwa w ap aplike a voye videyo sa sou nimewo WhatsApp sa a 3698-0314
Gade videyo pwomosyon pwogram lan sou chanèl YouTube Gwoup Konbit la pou plis eksplikasyon: https://youtu.be/1mvDJmavW4I
Pou plis lòt enfòmasyon, kontakte nan: gwoupkonbit@gmail.com | Tel: +509 36 98 0314/ 3269-9292