An patenarya ak Vil Boston ak Boston Teachers Union (BTU), nou kontan anonse prim Edikatè pou Ane 2023 a. Prim Edikatè pou Ane a se pi gwo onè yo bay edikatè Lekòl Piblik Boston yo.
Prim Edikatè pou Ane a rekonèt edikatè eksepsyonèl yo k ap travay di pou enfliyanse lavi elèv BPS yo. Pwogram nan onore edikatè ki montre yon angajman eksepsyonèl anvè jèn yo. Manm BTU ki peye kotizasyon sa yo ka kalifye pou nome: 1: Pwofesè salklas ak espesyalis, sa gen ladan bibliyotekè, 2: founisè sèvis ki gen rapò tankou: travayè sosyal, sikològ lekòl, konseye pedagojik, terapis okipasyonèl, terapis fizik, patolojis lapawòl ak langaj, ak odyològ, 3: enfimyè, ak 4: parapwofesyonèl, ki gen ladan koòdonatè teren kominotè, ak ajan lyezon fanmi. Kandida yo dwe gen lisans pwofesyonèl, epi yo dwe sèvi nan yon pozisyon ki kalifye pandan omwen de ane lekòl.
Nou envite tout manm kominote BPS la (pwofesè, administratè, elèv, fanmi ak patnè) pou yo nonmen edikatè eksepsyonèl epi onore travay ak devouman yo.
Si w bezwen asistans pou ranpli fòmilè sa a, tanpri adrese yon imèl pou EOYBoston@bostonpublicschools.org oswa kite yon mesaj nan 617-544-7277.
Dat limit pou fè depo kandidati se 5 out 2023. a 5:00 PM