"An konsiderasyon ak kòm echanj pou ranbousman transpò mansyèl mwen pral resevwa a, mwen menm, pou tèt mwen, pitit mwen an, ekzekitè mwen yo ak moun mwen deziyen yo, mwen dakò pou m pran an chaj epi bay swen bezwen transpò lekòl pitit mwen an epi mwen dakò ke Distri Lekòl Philadelphia a p'ap responsab nan okenn fason pou transpò lekòl pitit mwen an. Mwen dakò tou pou m' libere epi dechaje Distri Lekòl
Philadelphia a ak ajan, ofisye, anplwaye ak volontè li yo pou tout tan anba nenpòt reklamasyon ke mwen ta ka genyen mwen menm oswa ke mwen ta ka fè nan non pitit mwen an konsènan nenpòt reklamasyon, domaj, demand oswa nenpòt aksyon, ki gen ladan sa ki baze sou neglijans, nan nenpòt fason ki rive akoz transpò sa a."