Nouvo Kowonaviris Preparasyon ak Enfòmasyon |
Somerville -Jodia vil Somerville anonse ke tout lekol piblik ak bilding piblik ap femen pou de semen komanse Lendi 16 Mas pou ede minimize pwopagasyon COVID-19. Nap kontinye ak tout sevis tankou lapolis, ponye. Nap toujou ranmase fatra nan e nomal. Si w gen kesyon tanpri rele 311. Tout reyinyon piblik ak reyinyon lekol yo ap femen pandan tan sa a. No reyalize ke desizyon sa a ka gate aktiite anoil moun, Nou konprann ke biznis yo, rezidan yo, ak tout oganizasyon ap afekte men, nou priyorize sante tout moun nan kominote a. Dapre sa anpil etid di, se distans sosyal la ki kapab ede nou evite viris la kontinye simaye.Nou vle pwoteje tout rezidan nan mezi ke nou kapab. espesyalman sa ki pi vilnerab yo. Kijan pou w prepare pou nouvo kowonaviris la ?
|
Lis tradiksyon komanse 11 Mas jiska prezan
Somerville -Jodia vil Somerville anonse ke tout lekòl piblik ak bilding piblik ap fѐmen pou de semen komanse Lendi 16 Mas pou ede minimize pwopagasyon COVID-19.
Nap kontinye ak tout sèvis tankou lapolis, ponye. Nap toujou ranmase fatra nòmal. Si w gen kesyon tanpri rele 311. Tout reyinyon piblik ak reyinyon lekòl yo ap femen pandan tan sa a.
Nou reyalize ke desizyon sa a ka gate aktivite anpil moun, Nou konprann ke biznis yo, rezidan yo, ak tout òganizasyon ap afekte men, nou priyorize sante tout moun nan kominote a. Dapre sa anpil etid di, se distans sosyal la ki kapab ede nou evite viris la kontinye simaye. Nou vle pwoteje tout rezidan nan mezi ke nou kapab, espesyalman sa ki pi vilnerab yo.
Si nou bezwen plis enfòmasyon tanpri vizite www.somervillema.gov/coronavirus. Nou mete sit sa a ajou chak fwa nou resevwa yon nouvo enfòmasyon. Tout rezidan vil la kapab siyen pou alert nan www.somervilema.gov/alerts oubyen rele 311 (617)6663311.
Rete lakay ou! Sa kapab sove lavi moun!
Se nou tout ki pou mete ansanm pou evite kowonaviris la simaye nan kominote nou yo.
Se pou nou pratike sa yo rele distans sosyal la. Sa vle di pou tout moun gen mwens kontak ak lot moun ke posib.
-Pa frekante ba, restoran, sinema, ak maket
- Evite ale legliz oubyen nan lot sevis relije kote anpil moun ap prezan
-Pa mete pitit ou nan gadri
-Pa al nan fet lakay moun
-Pa frekante espas piblik tankou pak rekreyason
Sitiyasyon an difil, epi li chanje aktivite nou ak abitid nou anpil men se sel fason nou kapab evite viris la pwopaje, epi prezeve sevis medikal yo pou si ta gen pi gwo ijans.
15 Mas 2020
Majistra Joseph A. Curtatone Deklare Ijans Lokal
Komanse 17 Mas sѐlman sèvis ap domisil kap genyen nan restoran yo epi tout lekòl fѐmen pou twa semen nan tout eta a
SOMERVILLE – yon fason pou ka ede prevante pwopagasyon COVID-19 lan, Majistra Joseph A. Curtatone deklare yon emèjensi nan vil Somerville. Govѐnѐ Charlie Baker egalman mande pou fѐmen tou ba ak restoran nan eta a, sѐvis yo ap sou tab jiska 17 Avril; tout lekòl piblik ak prive yo tou ap fѐmen. Tout mezi sa yo pran se yon fason pou prevante pwopagasyon maladi a.
Deklarasyon ijans ofisyѐl la bay vil la abilite pou pran dezisyon enpòtan pou kontwole pwopagasyon viris korona a. Li egalman kreye yon mekanizm pou vil la ka ranbouse pa federal entanvansyon ijans pou kriz la.
Rezidan yo dwe konnen ke apati de Madi 17 Mas, sѐlman sѐvis a domisil kap disponib nan restoran epi nou dwe pratike distans sosyal yon fason pou ede redwi pwopagasyon COVID-19. Vil la ap travay pou prevante nenpòt restoran ki pa vle adopte sa tankou sèvis a domisil.
“Nou konpran enpak ekonomi an kapab genyen nan rezidan lokal yo ak biznis yo,” Majistra Curtatone di. “Nou gen plis ke 4,000 moun kap travay nan sektè restorasyon a ak ebèjman nan Somerville. Kidonk kominote nou an pral touche anpil pa chanjman sa yo. Nou vreman swete nou te ka di moun kisa pou fè pou evite, men li te enpotan pou Govènè pou pran etap sa a jodia. Malerezman, epidemyolojist yo di se sèl distans sosyal ou ka pratike epi ki defans ou pou moman an.”
Vil la ap travay ak lejislatè eta a ak federal yo pou ka bay èd ekonomik a travayè, fanmi ak ti biznis ki afekte pa korona a.
Vil la ak lekol piblik yo pral kontinye poste tout enfòmasyon nan www.somervillema.gov/coronavirus toutan nou jwenn enfomasyon. Lѐ sa apwopwiye, nap pataje enfomasyon nan City alerts. Enskri oswa tcheke detanzantan nan www.somervillema.gov/Alerts. Enkri pou tout metòd ke w kapab resevwa: apѐl, tѐks, email.
Si gen moun ki gen bezwen sa, United Way gen yon fon èd ekonomik ki dispoze pou ede moun nan sezon COVID-19 lan. Si w bezwen èd pou peye bill, lwaye ak pou jwenn manje. Ou kapab rele nan 1-866-211-9966, bay zip code ou epi yap ba w yon lis ajans lokal ki tou prè w ki bay ede ak bagay sa yo.
Vil Somerville, Massachusetts
Majistra
Joseph A. Curtatone
Moun pou kontakte: Natasha Perez, 617-504-7428 media@somervillema.gov
Nouvèl March 20, 2020
NOUVÈL NAN VIL SOMERVILLE:
Gid pou COVID-19
Nou pral femen tout Sèvis a domisil ak Biznis kap vann an detay;
Biznis Konstriksyon yo;
Call for New England Coordination Issued
SOMERVILLE, MA –Majistra Joseph A. Curtatone ak Depatmam Sante nan Somerville jodia anounse lòt komand pou prevante pwopagasyon kowonaviris lan. Komand yo konsène sektè pèsonèl ak sèkte vant an detay la ak kote yo vann materyèl pou konstriksyon. Komand yo te mande deja se te pou fèmen lekòl yo, limite kantite moun nan evènman yo, fèmen teren pou jwe yo, pospone jwèt spòtif yo, epi femen restoran ak ba yo eksepte livrezon.
Avèk konsèy Depatman Sante Vil la, epidemyolojist yo, ak enfòmasyon ke nou jwen nan men ajans sante nan lemons antye, vil Somerville ap travay trè di pou detèmine ki aktivite, biznis ak sektè ki poze plis riks pandan kriz mondyal sa. Sepandan, Kominote a dwe atann plis mezi nan tan kap vini yo menm jan ak nouvo anonsman sa nou bay jodia.
“Rejyon an, depatman nòdèst la, ak nasyon an, dwe aji kounya pou evite moun pèdi lavi yo,” majistra Joseph A. Curtatone di. “Akòz federal pran tan, tout depatman nòdèst la dwe mete tèt ansanm pou vini ak regleman pou rejyon an. Nou wè Pennsylvania, New York, Connecticut, ak New Jersey ba nou egzanp nan koman nou kòdone ansanm malgrè nou diferan eta. Mwen mande pou Massachusetts pou jwenn Rhode Island, Maine, ak New Hampshire pou mete tèt ansanm pou aplike anpil mezi ki komande tout moun rete lakay yo. Nou pa gen tan pou pèdi se poun pran sa oserye. Govènman an ka komanse ak pwosès la men rejyon an dwe fini l. Wi, mezi nap pran jodi a piti a men yo trè enpòtan. Nou pral annonse tout bagay pase ant rejyon yo. Men espwa se ke ou renemn New England pote e montre kouraj li, detèminasyon ak pou fè fas a kriz sa. New England dwe mete tet ansanm pou brize viris la anvan l two ta.”
Sèvis Pèsonèl yo ak ti Biznis ki vann an Detay yo
Daprè lod Depatman Konsèy Sante ak Majistra Joseph A. Curtatone, tout sèvis pèsonèl yo ak ti biznis ki vann an detay yo pap ka fonksyone tanporèman apati de Dimanch 22 Mas. Sa yo anba a tou tankou:
Kwafè ak babè
Salon pou maniki
Sèvis pou masaj
At koporèl
Body Work
Sèvis pou sa
Ti biznis ki van detay
Sèvis gadri pa nan lòd sa, men eta a te mansyone pou femen yo, oswa sèvis tankou physical therapy, speech therapy, occupational therapy. Men stò tankou kote yo vann pwovisyon pou fѐ manje, pou achte zouti, alkòl, bisiklèt, pou fè lesiv, pou dry cleaners oswa stò kote yo vann bagay menajè esansyèl ak pwodwi pou netwayaj. Lòd sa dwe respekte epi aplike jiskake nou jwenn plis enfòmasyon.
Konsriksyon
Pou konstriksyon dwe sipoze gen mezi ki aplike. Laplipa konstriksyon nan Ssomerville yo dwe respekte règleman ak lwa ke Depatman Sante e pratike distans sosyal pou yo ka fonksyone.
OSHA kategorize konstriksyon nan moman vreman pa nesesè oswa yon okipasyon ki two ijan, e li pi piti pami 4 kategori sa yo. Pa egzanp, travayè piblik se tankou operatè ekipman, chofè kamyon, ak ouvriye ki travay lakay moun.
Resous pou jwenn manje pandan COVID-19 lan
Lap komanse apati de 20 Mas
Pou timoun ki piti ke 18 an
Tout Lekòl Piblik nan Somerville kontinye fè dejne ak lunch pou timoun ak fanmi ki nan bezwen, ou ka vin pran manje pou w al lakay ou.
Kilè: Lendi jiska Vandredi; 9è pou 11è nan maten
Ki bò: nan West Somerville Neighborhood School, nan baskteball court nan Winter Hill Community Innovation School, nan side parking, ak nan pòt cafeteria nan Healey school la
Pou adilt
Vizite www.SomervilleFoodSecurity.org pou ka konnen lokasyon ak lè nap bay manje yo. Rele davans paske yo ka aplike nouvo pratik pou distans sosyal. Sit entènèt lan ap mande w pou kat dantifikasyon ak prèv ke w abite nan Somerville. Vil somerville ak pwogram Food For Free an kontwòl food pantry a. Anrejistre nan http://bit.ly/SOMFoodPantry pou vin chache manje. Nap fè livrezon pou moun ki karantin oswa ki gen pwoblèm mobilite/andikape. Tanpri eseye pran yon fwa pa semèn.
Granmoun “senior” yo kapab rele council on Aging nan 617-625-6600 x2300.
Pou plis enfòmasyon
Rele nan 311 pou ka konekte ak resous ou bezwen yo
Rele Project Bread’s FoodSource Hotline pou ka jwenn resous pou manje epi pou ka wè si w kalifye pou benefis pou manje.
Komansman bale lari a | ||
Lendi 4 Me | ||
Ranmase fatra | ✔ | |
ranmase resiklaj | ✔ | |
Ranmase fatra lakou tankou branch bwa, fèy, etc. | ✔ | |
Ranmase twal | ||
Nou pa konen kile na p rekomanse | ||
Fatra toksik Drop-off | ||
at DPW Yard | ou pa konen kile na p rekomanse | |
E-Waste Drop-off at DPW Yard | ||
ou pa konen kile na p rekomanse | ||
Ranmase barik lapli | ||
ou pa konen kile na p rekomanse , n ap rele w pou fe w konnwn | ||
depose fratra lakou nan lakou DPW a |
Anons Pou Kowona viris la:
Aktyalite ak Resous
Nou ta renmen anonse ke Gouvènè Charlie Baker deklare ke tout Lekol nan leta Masachosèt la fèmen pou rès ane a.
Leta mete yon moratoryom sou degèpisman ak sezisman kay: Yè Gov. Baker te siyen yon lwa ki mete yon moratoryom sou degèpisman kay rezidansyèl ak komèsyal ke bank ap eseye sezi pou kat pwochen mwa yo oswa jiska 45 jou apre ke eta a ijans nan Massachusetts leve.
IJANS! Kèk rezidan bezwen pran aksyon kounye a pou resevwa tout peman enpak ekonomik yo: Si ou pa t ranpli yon deklarasyon taks nan 2018 oswa 2019 epi ou gen timoun / depandan, ou bezwen ale sou sit entènèt IRS a midi, demen , 22 avril, pou mete ajou enfòmasyon sou depandan w yo.
28 Avril 2020
Aplikasyon pou Fon Asistans Vil Somerville la disponib kouyea !
SOMERVILLE, MA - Aplikasyon pou sipò ekonomik la ouvri kounye a. N ap aksepte don-finans.Fon Somerville Cares la te lanse pa Majistra Joe Curtatone, United Way la, ak Ajans la Aksyon Kominotè nan Somerville (CAAS). Fon Somès Cares la pral bay asistans finansye pou ijans pou moun ak fanmi pandan kriz sante piblik COVID-19 pou satisfè bezwen tankou manje, lojman, medikaman, depans antèman, ak lòt depans esansyèl.
Fon an akomode pa United Way ak administre pa CAAS. Nan pifò ka yo, aplikan yo aksepte ka resevwa jiska $ 250 pa endividi oubyen ak jiska $ 1,000 pou chak fanmi. Pa gen okenn rezon pou pataje estati imigrasyon w (moun ki san papye kapab kalifye).
Finansman ki disponib pou:
Rezidan Somerville yo
Moun ki travay nan Somerville
Fanmi ki gen timoun ki enskri nan Lekòl Piblik Somerville yo
Aplikasyon yo pral bay priyorite ak finanse sou baz bezwen; pa sou moun ki premye aplike yo.
Ou ka jwenn aplikasyon an ak plis enfòmasyon nan somervillema.gov/somervillecaresfunding.
Ou menm tou ka fè yon don!
Fon sa a totalman sipòte pa donasyon. kounyea a nou gen $ 160,000, men nou bezwen plis. Si ou kapab ede manm kominote parèy ou nan moman difisil sa yo, tanpri bay sa ou kapab nan somervillema.gov/somervillecares.
Pou plis enfòmasyon sou COVID-19 vizite www.somervillema.gov/coronavirus ak enskri pou alèt City nan www.somervillema.gov/Alerts. Nou ankouraje w pou enskri pou chak metòd alèt ou kapab resevwa: apèl nan telefòn, tèks, imèl. Swiv tou FB.com/SomervilleCity ak @SomervilleCity.
respire oswa omwen de nan sentòm sa yo: lafyèv, frison, tranbleman repete ak frison, doulè nan misk, maltèt, gòj fè mal, oswa nouvo pèt gou oswa sant ...
Ide Asistans Jodi a: Somerville Cares aplikasyon Fon disponib kounye a
Kounye a yo te aksepte aplikasyon pou sipò pou Fon Somès Cares ki te finanse don lan komanse pa Majistra Joe Curtatone, United Way la, ak Ajans Aksyon Kominotè Somerville (CAAS). Fon Somès Cares la pral bay asistans finansye pou ijans pou moun ak fanmi pandan kriz sante piblik COVID-19 pou satisfè bezwen tankou manje, lojman, medikaman, depans antèman, ak lòt depans esansyèl.
Fon an akomode pa United Way ak administre pa CAAS. Nan pifò ka yo, aplikan yo aksepte ka resevwa jiska $ 250 pou chak moun ak jiska $ 1,000 pou chak fanmi. Pa gen okenn kondisyon pou pataje kondisyon imigrasyon (moun ki abite san papye kalifye).
Finansman ki disponib pou:
Rezidan Somerville yo
Moun ki travay nan Somerville (ki enkli sa ki fèk pete akòz pandemi an)
Fanmi ki gen timoun ki enskri nan Lekòl Piblik Somerville yo
Aplikasyon yo pral bay priyorite ak finanse sou baz bezwen; pa sou yon premye-vini, premye-sèvi baz.
Ou ka jwenn aplikasyon an ak plis enfòmasyon nan somervillema.gov/SomervilleCaresFunding. Si ou ta renmen bay don Somès Cares Fund, vizite somervillema.gov/somervillecares.
● Plan pou Somerville relouvri:
Plan pou Somerville relouvri a Somerville’s reopening timeline , ap yon ti jan diferan de plan pa
tout eta statewide plan ke gouvènè Charlie Baker te anonse yè.
Gen kèk eleman nan plan leta a ki pral ekzekite tout swit, gen kèk nan yo ki pral chanje, epi
genyen kèk ke nou pral revise pou asire ke travayè yo ak rezidan yo ap byen pwoteje e ke
ekonomi local la kap reprann nan genyen yon baz solid e proteje tout moun nan ka ke ta va
genyen yon dezyèm vag nan maladi a. Na va jwen plis enfòmasyon sou sa nan jou kap vini yo.
Men kèk enfòmasyon sou aktivite Somerville pral ouvri epi pa pral relouvri nan moman sa a yo:
o Swen nan lopital yo ak sant santé yo rekòmanse vizit pou swen ki pi ijan yo depi Lendi 18 me a.
Lòt founisè medikal yo pral rekòmanse sèvis yo lendi 25 me, jan kalandriye leta a ak direktiv
sekirite yo prevwa li a.
o Konstriksyon ki pa twò esansyèl yo kòmanse piti piti depi 18 me a jan plan Somerville te
anonse li de semèn de sa.
o La Vant an Detay nan bò lari yo ap kòmanse nan Lendi, 25 me, jan sa anonse nan plan leta a.
o Tout lòt etap relouvèti yo ap fè yon ti kanpe tanporè pandan ke nap evalye plan leta a pou
asire ke faz sa yo pratik e san danje pou kominote nou an. Ladan li genyen, salon cheve, kay
lapriyè yo, ak teren jwèt yo.
Vini patisipe ak nou nan reyinyon vityèl meri a ap òganize sou COVID-19: Vini patisipe nan yon
seri reyinyon Virtual ke meri a ap òganise ak Majistra Curtatone nan tèt kole ak ekip ki ap travay
nan vil la, kote ou ka aprann sou enpak COVID-19 la nan vil la epi tou ki repons vil la pote. Ou ka
swa patisipe endirèk atravè Zoom, oswa rele nan telefòn, oswa voye kesyon ou yo anvan epi
gade an dirèk sou City Cable TV (Kanal 13 ak 613 sou RCN, kanal 22 sou Comcast). Reyinyon yo
pral anrejistre ak retransmèt pita nan City YouTube Channel ak City Cable TV. Pou plis
enfòmasyon sou kouman pou patisipe, ale sou somervillema.gov/virtualtownhall . Orè reyinyon
yo se:
o Reyinyion meri a pou kominote a - Madi, 19 me 19,soti 7:00 pou rive to 8:00 p.m. (pou tout
moun an jeneral)
o Reyinyon meri a pou paran yo - Jedi, 21 Me, soti 7:00 pou rive to 8:00 p.m.
o Reyinyon pou jèn yo – poko gen dat, men ya fè nou konnen kilè ( pou adolesan yo ak elèv
kin an high school yo)
● Tès gratis pou COVID-19: Pou enskri pou tès gratis COVID-19 free COVID-19 testing , rezidan
Somerville yo ka rele 617-665-2928, lendi pou rive vandredi ant 8:30 a.m. ak 4 p.m. Nap kapab
relouvri pi vit e an sekirite, lè gen plis moun ki teste. Ou pa bezwen gen sentòm oswa referans
yon doktè.
Konsèy sou Sante Piblik pou Jodi a: Kisa kap pase lè ou resevwa yon apèl de ekip COVID-19 la ?
Si ou teste pozitif pou COVID-19, ou pral jwenn yon apèl de yon moun ki ap travay nan ekip leta a
sou COVID-19. Li enpòtan ke ou pran apèl la epi reponn kesyon yo pi byen ke ou kapab, konsa yap ka
fè lòt moun ki te ekspoze nan COVID-19 la konnen epi mande yo pou yo fè tès la tou. Moun kap
kontakte ou a ap sèlman mande ou pou non ak nimewo telefòn moun ou te an kontak sere ak yo,
epi si ou bezwen lòt resous pandan rekiperasyon ou. Yo pap janm mande yon nimewo sekirite
sosyal, enfòmasyon sou asirans sante, enfòmasyon finansye, oswa estati imigrasyon ou. Yo pap
pataje non ou lè yap pale ak kontak sere ou yo, epi yo pap pataje enfòmasyon ou avèk ofisyèl
imigrasyon oswa ICE.
Men sa ou kapab espere nan konvèsasyon sa a:
● Ekip MA COVID ap rele tout moun ki te teste pozitif pou COVID-19 oswa ki te ekspoze nan
maladi a. Nimewo kap rele a dwe swa: 833-638-1585 oswa 857-305-2728. Telefòn ou ta dwe di
apèl la soti nan "Ekip MA COVID." Apèl yo pral fè chak jou soti nan 8 a.m. pou rive 8 p.m. Li
enpòtan pou w reponn apèl la.
● Pandan apèl telefonik la, yon envestigatè ka ap mande ou yon lis tout moun ou te nan 6 pye de
distans pandan 48 èdtan anvan sentòm ou yo te koumanse ak kote ou te vizite yo. Pou moun ki
pa gen sentòm yo, enkli tout kontak 48 èdtan anvan dyagnostik ou an. Envestigatè a ap mande
ou tou pou nimewo telefòn nenpòt moun ou idantifye pou yo ka jwenn yo epi pou yo avize yo
sou ekspozisyon yo.
● Anketè Ka a ap diskite tou nenpòt bezwen ou ka genyen pou peryòd tan sa a epi li ka konekte
ou avèk yon Kowòdonatè Resous Swen, ki pral ede w jwenn sipò ou bezwen.
● Ekip MA COVID ap rele kontak ou yo pou di yo ke yo te ekspoze nan maladi a epi pale yo nan
pwochen etap yo. Yo pap site non ou.
● Yon envestigatè ak/oswa yon enfimyè sante piblik nan Komite Sante Somerville la ap tcheke sou
ou regilyèman pou kontwole sentòm ou yo ak bezwen ou yo. Pou ede rekiperasyon ou, yo pral
ba ou tout referans ak sipò ki genyen ladan li Recovery Inn, sèvis konsèy, aksè pou manje, ak lòt
bezwen.